Nan dat 7 desanm 2016, Check Cashing USA te gen onè patisipe kòm sponsò nan “Concierto en Privado” Viva Travel la ki te prezante Gente d Zona.
Nou te kreye anpil eksitasyon ak antisipasyon avèk VIP Text Club nou an, ni pou anplwaye ni pou kliyan.
Atravè patwonaj nou an, nou te rive tire osò 13 pè tikè pou anplwaye ak 12 pè tikè pou kliyan.
Plizyè anplwaye magazen te ansanm ak Manadjè Distri yo nan yon evènman maketing anvan konsè a nan pwomnad American Airlines Arena a, kote nou te rive rankontre ak salye plizyè milye kliyan aktyèl ak kliyan potansyèl. Nou te pataje materyèl maketing epi nou te gen opòtinite pale ak anpil moun sou sèvis nou yo ak sou diferan lokal nou yo nan Miami Dade ak Broward, ki rive jiska Boynton ak Vero Beaches.
Plis pase 15 mil moun te ranpli sal la pou pwofite espektak ak son Gente d Zona ki te bay yon show absoliman estrawòdinè. Yo te fè tout moun kanpe, danse nan koulwa yo jouk byen apre 11è diswa nan yon mèkredi swa.
Tout moun te pase yon bèl moman, epi evènman an te yon gwo siksè.
Check Cashing USA fyè de lyen li genyen ak kominote a epi l ap tann pou l patisipe nan anpil lòt evènman kominotè.


