Miami, FL – Fiziyad ki te fèt yè nan Marjory Stoneman Douglas High School la frape nou anpil epi li afekte kominote nou an. Check Cashing USA ak patnè nou yo pral fè yon don nan kont Go Fund Me ofisyèl la, “Stoneman Douglas Victims’ Fund”. Nou pral aksepte don nan tout 44 magazen nou yo, nan Broward, Palm Beach, Indian River ak Miami-Dade County, pou moun nan kominote a ki pa ka bay don sou entènèt.
Pou jwenn magazen ki pi pre w la, tanpri vizite www.CheckCashingUSA.com. Ou ka vizite tou kont Go Fund Me ofisyèl la, “Stoneman Douglas Victims’ Fund”.
Check Cashing USA, ansanm ak patnè nou yo, espere ke don sa yo ap ede tout moun ki afekte yo ak depans antèman, konsèy sikolojik, ak gwo bòdwo lopital yo ki pral vin pi wo, kote fanmi sa yo ap bezwen èd.
Nou vle di mèsi a tout anplwaye nou yo, patnè medya nou yo ak founisè nou yo ki mete tèt ansanm pou ede kominote a nan moman difisil sa yo.
Magazen nou yo ap aksepte don jiska 4 mas 2018.
Konsènan Check Cashing USA
Check Cashing USA se yon enstitisyon finansye ki byen etabli k ap ede kominote Sid Florid la depi plis pase 30 an. Nou ofri solisyon lajan kout tèm ansanm ak yon bon sèvis kliyan. Pou plis enfòmasyon sou sèvis nou yo ak sou konpayi an, tanpri vizite www.CheckCashingUSA.com
Konsènan patnè nou yo:
Western Union & Boss Revolution angaje yo pou fè don oswa pou matche yon pousantaj nan don yo fè nan lokal nou yo.
Kontak
Pou plis enfòmasyon, tanpri kontakte Grace M. Sotolongo-Alvarez nan galvarez@ccusafsc.com oswa
(786) 202-0927


